12/17/07
|
|
|
|
|
|
|
|
HAITIAN-
CREOLE / Travayè yo konnen dwa nou (Legal Aid Bureau) Dwa travayè Agrikòl (Legal Aid Bureau) Dwa w ou Jwenn Entèpretasyon ak Tradiksyon Nan Men Ajans Leta Maryland yo (Rezo Legal Asistans Maryland - Maryland Legal Assistance Network) - Enfòmasyon sa yon eksplikasyon sou lwa nan Maryland ekzije anpil nan ajans gouvènman nan eta Maryland la ak pwogram yo pou ede w si ou genyen difikilte ak anglè. (Me 2007). Dwa w pou Genyen Yon Entèprèt nan Tribinal la - Ou genyen tout dwa pou genyen yon entèprèt lè w genyen yon ka nan tribinal Maryland yo. Bwochi sa dekri dwa ou genyen yo. Rezo Legal Asistans Maryland la avèk Komite Bawo Asosyasyon Eta Maryland (The Maryland Legal Assistance Network and the Maryland State Bar Associations' Committee) pou Delivre Sèvis Legal kreye bwochi sa a. Ou ka enprimè li epi pote li avèk ou nan tribinal la tankou yon nan fason pou mande pou yon entèprete. Ou ka remèt grefye a bwochi sa a. Genyen yon seksyon ladann an Anglè ki ka di grefye a ki lang ou pale epi kite estaf tribinal la konnen ou ta renmen genyen yon entèprèt. (2 paj - 2007).
Byenveni Ozetazini: Yon Gid Pou Nouvo Imigran (PDF) (USCIS) - Yon gid
Sèvis Sitwayènte an Imigrasyon Etazini (US Citizenship and Immigration Services) te kreye (Anglè) ki diskite divès kalite
kesyon konsènan lè ou vin yon imigran nan Etazini, tankou dwa ak responsablite kòm yon imigran, kenbe estati ou genyen kounye
a, benefis federal yo, ak plis ankò. Ki gen 78 paj, dènye mizajou an te fèt an Avril 2007.
Maryland Legal Assistance Network (MLAN) sipòte
travay lot òganizasyon k’ap ede moun ki san resous e moun ak resous limite
lan Maryland. Gen plizyè òganizasyon
ki an mezi pou bay sèvis ak moun lan lòt lang.
Paj sa-a ap dirije’w sou lòt enfòmasyon ki deja egziste pa ekri yo
lan Maryland. Lòt
sous pou asistans legal:
Konsèy
legal gratis pou moun ki rete lan Howard County
Kay-ou – konpilasyon
referans ak enfòmasyon pou moun ki fèt lan lòt peyi (FIRN) (410-9921923)
se yon òganizasyon san profi ki plase lan Columbia, Maryland k’ap founi
konsèy legal gratis sou zafè imigrasyon, kay, vyolans domestik, sante, e
anplwa. FIRN egzije pou gen pròp
entèprèt ou an atandan ke yo anmezi pou founi’w yonn.
Si yo pa ta gen moun lan biro-a
menm ki kapab asiste’w an Kreòl ayisyen, biro-a ap refere’w ak
yon volontè andeyò de ofis la ki pou ede’w.
Men fòk ou abite lan Howard County pou kalifye pou sèvis yo; Se sèl
lan ka ijan yo fè esepsyon. FIRN louvri pot li de Lendi, Jedi a Vanredi a
pati de 9:30am pou 4:30pm e lè Madi e Mèkredi de 9:30am jiska 6:30pm.
Sekirite
sosyal, retrèt e benefis sivivan, benefis pou maladi, e revni sipleman pou
sekirite (SSI). Biro
sosyal sekirite (SSA) se yon biro gouvenman federal ki administre sekirite
sosyal, se yon fason rapid pou Ameriken kapab economize lajan pou lavni.
SSA gen anpil dokiman yo sou Intenet lan lang Kreyòl
Ayisyen, la ou kabap jwenn enfòmasyon jeneral sou plizyè sijè pou
diferan program, sekirite sosyal, fason pou aplike pou retrèt ou, maladi, e
benefis pou revni sipleman sekirite sosyal, e yon lis mo lan pròp tèm
sekirite sosyal. Ou kapab rele
sou 1-800-777-1212 pou mande yon entèprèt gratis ki pou asiste’w sou zafè
sekirite sosyal. Yo moun ki pale Anglè dwe pou pase a travè system
telefòn-an
pou fè demann pou yon enteprèt. Diskriminasyon
lan lye travay- depatman la jistis, biro de konsèy espesyal pou
zafè imigrasyon an rapò ak pratik enjis lan travay (OSC) se yon biro
divizyon federal ki envestige zafè anplwayè ke yo akize pou diskriminasyon
sou baz nasyonalite oubyen stati sitwayente yon moun.
Si’w okouran de enjistis lan lye travay yo an rapò ak zafè
imigrasyon, oubyen si’w bezwen plis enfòmasyon sou OSC, rele lan li-n
telefòn gratis la 1-800-255-7688. Lè’w
jwenn aksè pase “0” touswit epi di kreol Ayisyen sèlman.
Rete sou li-n-an jiskaske yo lokalize yon entèprèt pou-ou. Ou
gen dwa pou pa rete ap sibi dikriminasyon akòz de nasyonalite’w - (US.
Depatman la Jistis) (PDF) |
Sit sa ofri enfòmasyon jiridik, men li pa bay konsèy jiridik. Nou fè tout efò nou pou asire enfòmasyon an egzat epi pou eksplike w chwa ou genyen yon fason ki klè. Sepandan nou pa bay konsèy jiridik - aplikasyon lalwa nan sikonstans pèsonèl ou. Pou konsèy jiridik, ou dwe konsilte yon avoka. Gade seksyon nou an sou "Finding Legal Help." Maryland Legal Assistance Network (MLAN) lan patwone sit entènèt sa a an kolaborasyon avèk yon kantite moun ki bay konsèy jiridik k ap sèvi abitan Maryland ki gen revni ba oswa mwayèn. Se yon seri avoka ak òganizasyon k ap defann dwa moun ki bay enfòmasyon ki sou sit sa a. Pifò dosye yo endike enfòmasyon sou otè ak dwa dotè. Ankake pa ta genyen yon atribisyon espesifik oswa dwa dotè, Maryland Assistance Network (MLAN/MLSC) genyen dwa dotè an (tout dwa rezève) ki sijè a eksepsyon sa a. Ou lib pou kopye enfòmasyon an pou itilizasyon pèsonèl ou oswa pou lòt bi ki pa komèsyal avèk langaj sa a "Sous: Bibliyotèk Jiridik Popilè Maryland - www.peoples-law.org © Maryland Legal Assistance Network (MLAN/MLSC), 2002." |