|
Dwa ou Genyen Pou Jwenn Entèpretasyon ak Tradiksyon Nan Men Ajans Nan Eta Maryland
Sèvis Entèpretasyon
Sèvis Tradiksyon
Lis Ajans Gouvènman Nan Maryland Ki Patisipe yo
Èske Lwa sa a Aplike Pou Sistèm Jidisyè a tou?
Depi Jiyè 2002, Lalwa nan Maryland ekzije anpil nan ajans gouvènman nan eta Maryland la ak pwogram yo pou ede w si ou
genyen difikilte ak anglè. Lwa a kouvri anpil (men pa tout) ajans yo. Lwa a kouvri anpil (men pa tout) lang yo. Lalwa
ekzije ajans la pou founi yon entèprèt pou gratis pou ede w pale ak estaf nan ajans la. Lalwa ekzije tou pou ajans la tradui
sèten dokiman ki enpòtan nan lang natif natal ou a.
Sèvis Entèpretasyon
Prèske tout ajans nan gouvènman eta Maryland la oblije pou founi entèprèt pou gratis nan plizyè lang. Yon entèprèt pral yon
ekspè ki te resevwa antrènman espesyalize epi ki pale lang natif natal ou an ak anglè.
Kilè Ajans Leta yo dwe Founi w Yon Entèprèt?
Si ou genyen pwoblèm pale ak konprann anglè epi si ou bezwen sèvis nan yon ajans, prèske tout ajans yo dwe founi w
"sèvis langaj oral".
TSa vle di ajans la pral founi w ak yon entèprèt lè w vizite biwo ajans la. Sa vle di tout ajans la pral anboche yon
entèprèt ki pral sou telefòn la lè ou rele pou sèvis yo. Ou elijib pou kalite èd sa yo si tout sa ki annapre sa yo se verite.
- Lalwa ki ekzije entèpretasyon kouvri ajans leta a oswa pwogram la. Pou ka wè
lis ajans lalwa kouvri yo.
- Genyen plizyè demann pou èd nan men moun ki pale lang ou an.
Sèl fason pou konnen si lang ou an kouvri se si w fè yon demann.
- Ou pa kapab konprann anglè ki pale oswa ekri, oswa ou p kapab pale oswa ekri anglè.
Kijan yo pral Founi Mwen Ak Yon Entèprèt?
Genyen plizyè fason yon ajans ka founi yon entèprèt. Se ajans la ki pran chwa sou kijan yo okipe demann ou an fè a. Ajans
la ka ofri yon estaf entèprete, yon pèsonèl ki bileng, itilize sèvis espesyal ajans entèpretasyon telefonik, oswa ajans la ka
anboche yon entèprèt nan yon program entprestasyon prive.
Sèvis Tradiksyon yo:
Prèske tout ajans nan gouvènman eta Maryland la oblije pou tradui dokiman ki "kritikal" nan plizyè lang.
Kilè Ajans Leta yo dwe Founi w ak Tradiksyon?
Premyèman, ou dwe travay ak youn nan ajans leta lalwa ekzije pou yo founi tradiksyon pou sèten dokiman. Pou ka wè
lis ajans lalwa kouvri yo.
Dezyèmman, dokiman ajans leta a pwodui an pral tradui nan lang natif natal ou an si genyen omwens 3% oswa plis moun
nan popilasyon ajans la sèvi pale lang sa a. Sa jeneralman enkli Panyòl, Chinwa ak Koreyen, men ou dwe mande sizoka omwens
3% nan popilasyon an ajans la sèvi pale lang natif natal ou a.
Pa ekzanp, ou bezwen èd nan men Biwo Komisè Jeneral Gouvènman an. Si lang ou pale a gen omwens 3% nan popilasyon
moun ki mande sèvis nan men Biwo Komisè Jeneral Gouvènman la ki pale lang sa a, ajans la oblije pou tradui “dokiman kritikal yo”.
Èske Yo Pral Tradui Tout Dokiman Gouvènman Maryland yo?
Non. Yo pral tradui yon dokiman sèlman si touletwa fraz ki annapre yo vrè.
- Lalwa ki ekzije tradiksyon dokiman yo kouvri ajans leta a oswa pwogram la. Pou ka wè
lis ajans lalwa kouvri yo.
- Genyen plizyè demann pou èd nan men moun ki pale lang ou an. Sèl fason pou konnen si lang ou an kouvri se si w fè yon demann.
- Dokiman an se yon “dokiman kritikal. "Dokiman Kritikal" nòmalman enkli aplikasyon pou benefis oswa sèvis, materyèl
enfòmasyon, notifikasyon ak fòm ajans la oswa program la genyen pou pote plent. Genyen kèk eksepsyon.
Èske yon Ajans Gouvènman Dwe Tradui Sit Wèb yo a?
Lalwa pa espesifikman diskite sitwèb. Sepandan, lalwa mande pou yo tradui dokiman ki “kritikal” yo. Si y ap pibliye
yon dokiman kritik sa ou sit wèb la, genyen yon chans yo pral pibliye tradiksyon an ansan ak vèzyon an anglè a. Gade
lis ajans leta ak pwogram ki annapre yo. Si te genyen enfòmasyon ki te pibliye nan lang natif natal ou an, ou pral wè
lyen sou enfòmasyon sa a. (Enfòmasyon sa vre apati dat yo te mete paj la ajou. Gade sou anba paj la pou ka jwenn dat
dènye fwa yo te mete paj la ajou.)
Ki Ajans Leta Lalwa Ekzije Pou Founi Sèvis Entèpretasyon ak Tradiksyon?
- Depatman Resous Imèn - Department of Human Resources (an anglè),
- Depatman Travay, Lisans ak Regilasyon
- Department of Labor, Licensing, and Regulation (an anglè),
-
Depatman Ijyèn Sante ak Mantal - Department of Health and Mental Hygiene (an anglè),
-
Depatman Jistis Jivenil - Department of Juvenile Justice (an anglè),
-
Komisyon Konpansasyon Travayè - The Worker's Compensation Commission (an anglè),
-
Depatman pou Granmoun Aje - Department of Aging (an anglè),
-
Depatman Sekirite Piblik ak Sèvis Koreksyonèl - Department of Public Safety and Correctional Services (an anglè),
-
Depatman Transpòtasyon - Department of Transportation (an anglè),
-
Komisyon Relasyon Imèn nan Maryland - Maryland Human Relations Commission (an anglè),
-
Depatman deta Lapolis - Department of State Police (an anglè),
-
Verifikatè Jeneral Maryland la - Comptroller of Maryland (an anglè),
-
Depatman Lojman ak Devlopman Kominotè - Department of Housing and Community Development (an anglè),
-
Administrasyon Tranzit nan Maryland - Maryland Transit Administration (an anglè),
-
Depatman Resous Natirèl - Department of Natural Resources (an anglè),
-
Depatman Edikasyon Piblik nan Maryland - Maryland State Department of Education, (an anglè)
-
Biwo Komisè Jeneral Gouvènman la - Office of the Attorney General, (an anglè)
-
Depatman Agrikilti - Department of Agriculture, (an anglè)
-
Depatman Biznis ak Devlopman Ekonomik - Department of Business and Economic Development, (an anglè)
-
Depatman Zafè Veteran - Department of Veterans Affairs, (an anglè)
-
Depatman Anviwònman - Department of the Environment (an anglè)
Si ajans la oswa pwogram w ap sèvi avèk la pa nan lis sa a, ou dwe kanmèm mande pou yon
Entèpretè. Malgre lalwa kounye a pa ekzije pou ajans la genyen pwogram entèprèt espesyal:
- Li posib ajans la pral kapab jwenn yon entèprèt pou ou. Sepandan, pa gen okenn garanti.
- Men, lalwa ekzije pou ajans la deside si yo gen bezwen pou yo genyen yon sistèm. Demann ou an pral
ede yo pou konprann bezwen ki genyen pou yon pwogram entèpretasyon.
Èske Lwa sa a Aplike Pou Sistèm Jidisyè a Tou?
Non, sepandan, tribinal yo genyen regilasyon ki ekzije pou yo bawou yon entèprèt si ou genyen difikilte
avèk lan anglè a. Tribinal la pral peye pou entèprèt la. Tribinal la pa tradui dokiman.
Pou ka mande pou yon entèprèt kontakte tribinal la dirèkteman. Ou ka ale an pèsòn, rele grefye nan tribinal la oswa (si ou
genyen yon avoka) mande avoka a pou fè demann pou yon entèprèt pou ou.
- Pou ka jwenn plis enfòmasyon sou dwa ou genyen pou yon entèprèt
(Access to Interpreters in Courts brochure).
- Mwen lyen pou ka ale sou
Anyè Adrès ak Nimewo Telefòn Tribinal yo.. Anyè a an anglè men ou ka itilize nimewo telefòn yo. Rele tribinal ki kòrèk
la. Mo Tribinal Itineran an anglè se “Circuit Court”. Mo pou Tribinal Distri an se “District Court”. Malgre genyen enpe
nan estaf nan tribinal la pale lang ou an, chak estaf pèsonèl yo ka rele yon telefòn espesyal ki ka founi yon entèprèt
nan lang natif natal ou. Entèprèt sa a pral ede w pou fè demann ou an ak grefye tribinal la. Lè ou ale nan tribinal la,
yon lòt entèprete pral la prezan an pèsònn.
Tribinal pral deziyen yon entèprèt ki pale yon sèten lang si tribinal la deside ke ou
pa konprann ase anglè pou patisipe konplètman nan pwosedi yo. Pou yo ka fè desizyon sa a, yon jij ka mande w kesyon
de baz an anglè.
Source: Maryland Legal Assistance Network (MLAN)
Dat Dènye Revizyon Legal: 29 Me, 2007 (MLAN/GG/AC)
|