TRAVAYÈ JADEN

LAN MARYLAND

REKONET  DWA NOU

TRAVAYÈ JANDEN YO SELON LA LWA  NOU GEN KEK  DWA 

KONTRA  EKRI:     Le’w ap anrole pou travay foman-an/met jaden oubyen patron-an  dwe’w yon kontra ekri.  Kontra-a dwe founi detay sou travay la, adres li, dat travay la ap komanse e dat l’ap fini, konbyen kob pou espere  touche pa lè oubyen e si se sou kouraj konbyen yo peye, inkli lojman, manje, e si gen lot benefis tou tankou asirans.  Kontra-a sipoze esplike’w si yon grev k’ap deroule.

SALÈ LA LWA EGZIJE:     Dwa pi inpotan ke’w genyen se dwa pou resevwa pou pi piti salè ke la lwa egzije-a  ki  $ (5:15 de lè) ou dwe pou touche sa  menm si se sou kouraj ou w’ap travay.

LÈ SIPLEMANTÈ:     Lè’w travay pliske (60 hrs.) pou yon semenn ou gen dwa a lè siplemantè, sa vle di ou dwe touche 1hr ½ pou tout lè siplemante apre 60 hrs regilye pou semenn-an.

DEDIKSYON:     Patron-an gen dwa pou prelve sou revni’w inpo pou federal, inpo pou eta-a ak pou sosyal sekirite (FICA) san pemisyon’w, asire’w ke se inpo sa yo ki soti lan salè’w, ou bezwen pou asire’w tou ke pa gen lot dediksyon ki fèt san pemi-  syon’w.  Si’w gen nenpot kesyon sou sa, pa ezite rele projè pou travayè janden an.

SOUCH-CHEK:     Ou sipoze resevwa yon  souch-chek avek peyiman’w.  Souch-chek la dwe endike kantite lè’w travay, konbyen yo peye pa lè, si se sou kouraj ou travay konbyen bwat ou fè, e li dwe endike tout lot dediksyon ki fet sou chek ou,  e rezon-an.  Raple’w ke si’w pa bay pemisyon pa ekri patron-an gen dwa selman pou’l prelve inpo ak sosyal sekirite sou chek-ou.

TRANSPOTASYON SAN DANJE:     Si  se femye-a ou-byen fomann-an ki kondi’w lè pou alé travay lan  jaden-an ou-byen lè pou retounen lan kan-an machine-ni-an bezwen gen asirans, e chak moun dwe pou gen plas pou yo chita lan machine-an.

 

DOSYE:    Ou bezwen gade yon dosye de tout lè ke’w fè ap travay, sa vle di ke ou bezwen ekri lè’w komanse travay e lè’w fi’n travay inkli poz pou midi etc.  Ou bezwen pou note tout lè ke’w fè san travay akoz de machine ki tonbe anpann ou-byen paske bos la pa’t ko prè, tan sa yo konsidere kòm tan’w pase ap tann. depi’w fi’n rive sou chantye pou travay si bos la fè’w reté tann pou nenpot ki rezon li dwe pou’l peye’w pou tan ke’l fe’w pase ap tann ni yo.

NOTE:     Se tre enpotan pou konnen non fomann-an, non femye-a e tout lot anplwayè.  Tout moun sa yo dwe pou respekte dwa’w kom travayè.

SEVIS LEGAL:    Ou gen dwa a Ed legal, pesonn pa gen dwa pou anpeche’w kontakte yon avoka pou asistans legal.  Pesonn pa gen dwa pou reprimande’w ou-byen pini’w paske’w  chanche sekou sevis legal.

SI’W GEN NENPOT PROBLEM OU-BYEN KESYON

RELE

BIRO LEGAL SEVIS 

PROJE POU TRAVAYE JADEN

SEVIS LA GRATIS

NIMERO GRATIS NOU SE

1-800-444-4099

(Si’w pa ta lan U.S.A; rele nou kolet  sou nimero sa yo:  (410) 546-5511)

Sit sa ofri enfòmasyon jiridik, men li pa bay konsèy jiridik.  Nou fè tout efò nou pou asire enfòmasyon an egzat epi pou 
eksplike w chwa ou genyen yon fason ki klè.  Sepandan nou pa bay konsèy jiridik - aplikasyon lalwa nan sikonstans pèsonèl ou.  
Pou konsèy jiridik, ou dwe konsilte yon avoka.  Gade seksyon nou an sou "Finding Legal Help."
Maryland Legal Assistance Network (MLAN) lan patwone sit entènèt sa a an kolaborasyon avèk yon kantite moun ki bay 
konsèy jiridik k ap sèvi abitan Maryland ki gen revni ba oswa mwayèn. Se yon seri avoka ak òganizasyon k 
ap defann dwa moun ki bay enfòmasyon ki sou sit sa a. Pifò dosye yo endike enfòmasyon sou otè ak dwa dotè. 
Ankake pa ta genyen yon atribisyon espesifik oswa dwa dotè, Maryland Assistance Network (MLAN/MLSC) genyen 
dwa dotè an (tout dwa rezève)  ki sijè a eksepsyon sa a. Ou lib pou kopye enfòmasyon an pou itilizasyon 
pèsonèl ou oswa pou lòt bi ki pa komèsyal
avèk langaj sa a "Sous: Bibliyotèk Jiridik Popilè Maryland - www.peoples-law.org 
© Maryland Legal Assistance Network (MLAN/MLSC), 2002."