|
Travayè yo: konnen dwa nou!
SALÈ MINIMÒMTout moun gen dwa a salè minimòm-la. Travayè jounen, Travayè jaden, e menm lè’w travay sou kouraj ou, tout gen dwa omwen a salè minimòm-an. Salè minimòm aktyèl la se $5.15 pa è.**ENPÒTAN** Tout travayè gen dwa a salè minimòm, menm si yo pa gen otorizasyon travay. Ou gen dwa pou touche lèw travay kelkeswa stati imigrasyon’w. RESI PEMAN Tout travayè gen dwa pou resevwa yon sous-chèk ki montre peryòd pou peyiman-an montan ke yo peye, si se sou kouraj, kantite piès ke’w fè e konbyen yo peye pa pyès enkli tout lot dediksyon tax, FICA e lot dediksyon ki otorize sou chek-ou. Se trè enpotan ke w gade resi chèk-ou. Yo kapab ede w pwouve ki kote w t ap travay, e konbyen’w te kon touche. SAMPLEEndistri pou Joe Anplwaye #345-67-8901 Nenpòt kote U.S.A Peryod peman: dat- dat Mon Tues Wed Thur Fri Sat Sun Hours 0 0 0 0 0 0 0 Rate of pay: $5:15 Gro Peman: $ Dediksyon: FICA Federal State TAN Ou gen dwa pou touche pou tout le’w egzije pou prezan lan travay ou, menm si’w pap travay. Pa egzanp si’w sipoze la pou travay a 7:30 men yo pa ba’w zouti pou travay pazavan 8:00, yo dwe peye’w pou 30mns yo fe’w ret tann-an. Anplwayè yo pa oblije peye pou poz midi Oubyen poz ki dire plis ke 20mns. DEDIKSYON Daprè la lwa anplwayè-a dwe prelve tax pou federal, pou sosyal sekirite (FICA) lan salè’w. Dediksyon ki prelve yo depann de kantite kòb-ou fè e lòt faktè tou. Pou detèminen dediksyon ki dwe fèt pou sosyal sekirite’w miltiplye gro peman-an pa .076. Anplwayè pa dwe fè lòt dediksyon sou chèk ou san pèmisyon pa ekri’w. Tout dediksyon apa de dediksyon pou sosyal sekirite san’w pa bay konsantman’w a lekri w la, ilegal. Yo pa gen dwa prelve kòb sou chèk ou, pou konpansasyon travayè ni kòb asirans lè w pap travay. ÈDTAN SIPLEMANTÈAnpil travayè touche è siplemantè depi yo travay depase è regilye-a, ki reprezante 1.5 è, de è regilye-a. Kantite è regilye ke’w bezwen travay avan pou gen dwa a è siplemantè, depann de jan de travay ke’w fè. Pou anpil travayè, è regilye yo se 40, lan semen-an. Men lan Maryland se aprè 60 è, ke travayè jaden gen dwa sou edtan siplemantè. Gen kek eksepsyon lan lwa sou zafè è siplemantè-a. Tanpri, rele nou pou asire’w ke ou gen dwa a è siplemantè ou non.GADE YON DOSYE Ou bezwen Kenbe yon dosye pou tout lè ke’w travay. Dabò ou bezwen ekri lè’w rive lan travay la, e lè’w komanse travay, ki lè’w pran poz, e pou konbyen tan e, lè’w fin travay lan aprè-midi. Make dat ou resevwa peyiman’w lan dosye’w tou. Pa repoze’w sou anplwayè-a pou konte lè’w pou-ou. Lè’w fè sa w’ap anmezi pou verifye si yo peye’w pou tout lè’w travay ou non e tou si yo peye’w pou lè siplemantè ou te fè.SEKIRITE Ou gen dwa pou travay lan yon anvironman si. Kote wap travay la ou pa dwe espoze’w sou okenn Danje,
lafimen penti, materyel pou netwayaj, ni rantre an kontak a prodwi pou pestisid.
Tout Machin ou travay la dwe an-eta,
epi ou dwe resevwa ekipman pwoteksyon pou ka pwoteje tèt ou kont danje.
Si non mande anplwayè pou’l founi’w yo.
Anplwayè dwe akite’l de responsablite ke’l genyen sou zafè
pwoteksyon pou ASISTANS LEGAL Ou gen dwa pou chache asistans legal pou kelkeswa rezon-an, pa egzanp si’w kwè ke yo pa peye’w tout kòb ou oubyen yo pa peye’w è siplimantè’w yo oubyen anvironman-an pa si kote w’ap travay la. Ou gen dwa chache ed legal tou si’w bezwen konsèy oubyen si’w pa si de nenpòt lòt bagay. MENAS Li pa legal pou bòs la pini w paske w chache ed pou dwa legal ou, tèlke pou peyiman w, è siplemantè w e sekirite lan anvironman w ap travay la e pou tout lot rezon ke w ta deside chache ed legal. Li ilegal pou patron-an menase w pa egzanp pou’l ta di w ke l ap rele imigrasyon pou-ou. KONPANSASYON TRAVAYÈ Tout travayè lan Eta Maryland gen dwa a konpansasyon pou domaj, aksidan, e maladi ki gen rapò ak travay yo. Si sa ta vin koze pèd sou jou travay ou, ou kapab resevwa yon pòsyon lan salè ou pèdi-a. Lan anpil Eta, travayè jaden yo tou gen dwa a konpansasyon sa yo. Dèfwa menm domaj ki rive’w lan kan-an kouvri tou. Si ou ta vin fè yon aksidan pandan w nan travay la li enpòtan pou ale wè yon doktè, menm si ou panse aksidan an pa grav, se doktè an ki kapab detèminen epi evalye domaj ou genyen yon doktè, menm si’w ta wè aksidan-an pa paret grav, se sèl doktè ki anmezi pou verifye e evalye domaj yo. Si’w pran yon chòk lan travay la ou-byen’w fè yon aksidan, li trè enpòtan pou rapòte sa a anplwayè-a touswit pou yo ka ranpli fòm nesesè yo. Li pa legal pou jwenn revokasyon dèske ou te aplike pou konpansansyon antan yon moun k ap travay. Se dwa’w. Si’w resevwa nenpòt ki menas ou-byen si’w pa resevwa sale’w kòm sa dwa, kontakte Biwo Sèvis Legal. ASIRANS LÈ’W PAP TRAVAY Se responsabilite anplwayè-a pou’l kontribye lan sistèm asirans pou lè yon travayè vi’n pap travay, selon la lwa kòb sa-a pa dwe soti lan chèk-ou. Si yo revoke w oswa si travay la diminye, ou kapab kalifye pou touche lan program sa-a (unemployment). Gen anployè ke yo pa egzije pou peye asirans sa-a. Si’w pa fi’n trò si, kontakte Biro Sèvis Legal. PAGE POU FÈ DOSYE SALÈ’W Itilize paj ke nou founi lan ti liv sa-a pou gade yon dosye sou lè ke’w travay e sale’w, youn pou chak jou ke’w travay. Gade yo pou dosye pesonèl ou. Si’w ta vin gen pwoblèm avèk salè’w, sa va fasilite avoka’w pou asiste’w. Sonje pou ekri non anplwayè-a ak adrès li. Non Anplwayè-a:___________________________ Adrès Anplwayè-a:_________________________ Fòmann-an:_______________________________ Non Anplwayè-a:___________________________ Adrès Anplwayè-a:_________________________ Fomann-an:_______________________________ Non Anplwayè-a:___________________________ Adrès Anplwayè-a:_________________________ Fòmann-an:_______________________________ Non Anplwayè-a:___________________________ Adrès Anplwayè-a:_________________________ Fòmann-an:_______________________________ Non Anplwayè-a:___________________________ Adrès Anplwayè-a:_________________________ Fòmann-an:_______________________________ Non Anplwayè-a:___________________________Adrès Anplwayè-a:_________________________ Fòmann-an:_______________________________ Non Anplwayè-a:___________________________Adrès Anplwayè-a:_________________________ Fòmann-an:_______________________________ Non Anplwayè-a:___________________________Adrès Anplwayè-a:_________________________ Fòmann-an:_______________________________ POU ASISTANS LEGAL: PWOJÈ POU TRAVAYÈ JADENBIWO SÈVIS LEGAL 1-800-999-8904 oswa 1-800-444-4099 Founi asistans pou travayè jaden lan Maryland e delaware. Sèvis Legal founi asistans jeneral a malere yo tou. Rele Biro Sentral la lan Baltimore l’ap fè’w konen kiles Biro ki pi prè’w. 1-800-99-8904 MEZON DE MARYLAND 1-301-431-4185 Founi edikasyon gratis, konsèy e direksyon pou travayè imigran malere ki lan zòn an sou zafè kay, èd Leta, sou kontra pou zafè w’ap antreprann, zafè domestik, sou lwa travay. Rele lan nimewo anwo la pou ka konnen ki biwo ki tou pre w yo. SANT PIBLIK DE LA JISTIS 410-625-9409 Founi Sevis Legal pou dwa sivil, lwa sou travay, dwa pou timoun e kay. SPJ konsantre sou zafè litij konsènen plis ke yon travayè. PWOJÈ KI REPREZANTE MOUN KI SAN ZABRIGROUP POU TRAVAY KLINIK LEGAL 1-800-539-5418 EXT. 20. Founi asistans legal lan Vil Baltimore, Konsènan salè minimòm, è siplemantè, asirans pou lè’w pap travay, e lòt zafè konsenen konpansansyon pou group ki okipe anplwa tanporè. PWOJÈ GRATIS LAN BALTIMORE410-539-5418 Founi maleré referans pou reprezantasyon legal pou diferan divès kalite pwosè, enkli pwosé sou zafè tan e kòb ke’w travay. ENFOMASYON PÈSONELNon Travayè-a: ___________________ Adrès Anplwayè-a: ________________ Vil:_____ Eta: ___ Kod Zòn-an:_____ Nimero Telefòn-ou:_______________ Si’w ta renmen resevwa plis kopi lan ti liv sa-a, lan paj ki vi’n anvan-an gen yon lis kote ke’w ka kontakte pou sa. Fèt e Ekri pa koalisyon dwa pou travayè. Pwodwi pa Legal Aid Bureaum, Inc; MarylandEte 1998 |