Fich Enfòmasyon MLAN 

Antesedan Jeneral Pwojè a Maryland Legal Assistance Network (MLAN) lan se yon efò tèt ansanm san parèy pami moun ki bay sèvis jiridik nan Maryland pou amelyore sèvis jiridik k ap bay.  Objektif pwojè a se pou ogmante aksè nan lajistis pou pwoblèm sivil grasa koòdinasyon ak sipò moun ki bay sèvis jiridik nan leta a, pwogram pou jwenn avoka, ak bawo prive a.

Kisa pwojè MLAN nan ye? Pwojè a genyen ladan l senk konpozan ki entegre epi ki entèkonekte ki la pou bay moun k ap bay sèvis jiridik yo sipò. Sistèm nan enkli:

  • Akseptasyon Demann pou Sèvis Legal nan Tout Eta a yon sèl nimewo 800 pou ede w jwenn pwogram sèvis jiridik ki bon pou ou ki pral ede moun ki gen revni ba ak revni mwayèn san yo pa bezwen peye senkkòb · Èd jiridik sou entènèt yon sit entènèt aksè piblik, enfòmasyon jiridik ki trete sijè tankou: lwa pou zafè familyal, lwa pou konsomatè, lwa pwopriyetè/lokatè, benefis gouvènman an ak èd pou ede w reprezante tèt ou nan tribinal oswa pou jwenn yon avoka. www.peoples-law.org · Sit entènèt pou avoka ki pwoteje ak modepas yon sit entènèt espesyal moun ki bay sèvis jiridik yo mete sou pye pou pèsonèl la a. Se yon kote prive pou pataje enfòmasyon ki pa gen rapò ak kliyan yo ak ti konsèy pou amelyore kapasite yo pou ede lòt moun.

  • Pwogram Legal Sipò ou ka Itilize Oumenm - Nou travay pou sipòte pwogram nan eta a ki ede w reprezante tèt ou. Nou travay sou pwojè tankou Kesyonè sou Divòs pou ede moun konprann pi byen lwa sou divòs epi pou yo ka deside si yo dwe reprezante tèt yo. · Èd jiridik limite - Nou travay avèk bawo prive ak moun ki bay sèvis jiridik pou chèche fason pou rann èd jiridik pi abòdab. Epitou n ap travay sou yon plan pou ede w jwenn yon avoka pou ede w avèk yon pati nan ka w lan, si w paka peye (oswa ou pa vle) yon avoka pou reprezante w nan tout ka a.

Nou jwenn sipò grasa sibvansyon nan men: · Open Society Institute (OSI), Pwogram sou Lwa ak Lasosyete ak OSI-Baltimore bay yon gwo sibvansyon pou twa zan pou devlope pwojè a nan fen otòn 1998.

  • The Maryland Legal Services Corporation (Sosyete Sèvis Jiridik Maryland) bay gwo kontribisyon an nati epi double nouvo resous pou pwojè a.

  • The Maryland Administrative Office of the Courts (Biwo Administratif Tribinal Maryland), Pwogram Sèvis pou Fanmi kontribye fon pou sipòte pwojè a, ki travay an kolaborasyon avèk tribinal yo sou plizyè pwojè.

  • Pwojè a itilize epi bati sou ekspètiz ak travay moun k ap bay sèvis jiridik yo nan eta a lè li enplike moun sa yo nan plan, devlopman, aplikasyon ak direksyon rezo a.

Kontakte: Maryland Legal Assistance Network/MLSC

     15 Charles Plaza, Suite 101, Baltimore MD 21201

 

Nou ankouraje patisipasyon chak moun nan kominote sèvis jiridik Maryland

lan.

Sit sa ofri enfòmasyon jiridik, men li pa bay konsèy jiridik.  Nou fè tout efò nou pou asire enfòmasyon an egzat epi pou 
eksplike w chwa ou genyen yon fason ki klè.  Sepandan nou pa bay konsèy jiridik - aplikasyon lalwa nan sikonstans pèsonèl ou.  
Pou konsèy jiridik, ou dwe konsilte yon avoka.  Gade seksyon nou an sou "Finding Legal Help."
Maryland Legal Assistance Network (MLAN) lan patwone sit entènèt sa a an kolaborasyon avèk yon kantite moun ki bay 
konsèy jiridik k ap sèvi abitan Maryland ki gen revni ba oswa mwayèn. Se yon seri avoka ak òganizasyon k 
ap defann dwa moun ki bay enfòmasyon ki sou sit sa a. Pifò dosye yo endike enfòmasyon sou otè ak dwa dotè. 
Ankake pa ta genyen yon atribisyon espesifik oswa dwa dotè, Maryland Assistance Network (MLAN/MLSC) genyen 
dwa dotè an (tout dwa rezève)  ki sijè a eksepsyon sa a. Ou lib pou kopye enfòmasyon an pou itilizasyon 
pèsonèl ou oswa pou lòt bi ki pa komèsyal
avèk langaj sa a "Sous: Bibliyotèk Jiridik Popilè Maryland - www.peoples-law.org 
© Maryland Legal Assistance Network (MLAN/MLSC), 2002."